Nan kou sa, nou pral aprann kisa ki Koridò Byolojik nan Karayib la (CBC). Nap aprann kòman li te fè kreye, poukisa li te kreye, kijan Inisyativ la fonksyone e kijan li gouvène. 

Nan dezyèm chapit la nap aprann kisa ki Priyorite pou Konsèvasyon nan CBC avèk limit, demakasyon koridò. 

Pou fini, nan twazyèm chapit la nap gen pou nou wè yon zouti ke CBC kreye pou ede tout moun jwenn enfòmasyon  (tankou lokalizasyon, klima, itilizasyon tè a, popilasyon, kijan teren yo fèt, ak anpil lòt) sou nenpòt ki zòn, ki vil, ki depatman, ki peyi ki anndan Koridò.

Nap swete nou byenvini e nou espere ke kou sa ap itil nou.

Nap gen pou akonpanyatè:

1. Claude Alain Etienne ki se yon teknisyen nan jesyon anviwonman 

2. Kerzina Oraina Oracle ki se teknisyèn nan jesyon anviwonman.

Logo Kreyòl